Si vous attendez un nouveau moment à l’ap pote chanjman ak amelyorasyon nan sitiyasyon malouk peyi d’Ayiti ap konnen men ki anpire depi plis pase 10 an kounye a, tout siy yo montre, ane 2023 a mal pati.
Si vous avez écrit si vous êtes devenu politique, le sénateur Moïse Jean Charles a fini par l’initier à nouveau comme s’il était déjà passe à votre place. Se siy, malgre bon volonte ak swè anviwon 12 milyon abitan peyi d Ayiti ka konte, pa p gen anyen ki nouvo anba syèl ble a, sinon, bagay yo ka vin pi grav.
Politik, Sante, Edikasyon, Espò, Lakilti, Ekonomi, pa gen okenn sektè nan vi nasyonal peyi a ki bay figi yon espwa lavi miyò. Nou toujou nan yon peyi san Prezidan, dezyèm lendi mwa Janvye a lage nou san palman, lajistis toujou klopi klopan, lopital jeneral san rezidan, peyi a tankou peny ti dan.
Politique : « Wa Henry » et le mod HCT
Nan politique la, Ariel Henri toujou sèl chef. Deja san lejitimite, li mete sou pye yon dènye akò ki pa pran an kont anpil sektè ak pati politik ki peze lou nan balans lan. Men li di adelante, eslogan an se : « N ap mache ak sa ki vle ».
Misyon Ariel Henry a déclaré que HTC a, rive mete kanpe enstitisyon elektoral la pou sa fè eleksyon pou l bay yon prezidan eli pouvwa a nan mwa fevriye 2024 la. Sou kesyon militaire Wa Henry te mande entènasyonal la, li chanje diskou. Nan diskou 1e Janvye, PM defakoto a, li fè konnen se te pito fòmatè pou akonpaye fòs lòd k ap fè dezòd yo li te vle mande.
Lambert a pédi tout pouvwa. Men fò n di ka Lambert a te déjà grav apre li te fin tonbe anba sanksyon Etazini ak Kanada ki akize Prezidan ti rès Sena a, (padon, fiti ansyen prezidan) nan konfyolo ak divès manm gang k ap teworize popilasyon an, dilè dwòg ak fè koripsyon nan tèt leta a pandan li itilize posisyon chef Sena a li okipe e ta menm arive enplike nan yon zak sasinay.
Ekonomi 150 : Dola ap bay gaz nan yon peyi san gaz
Nan dosye ekonomi, peyi a se yon kalvè ti mas pèp la ap monte. Tout pwodui premye nesesite yo monte tèt nèg. Lavi chè sispann taye banda, li kareman pran plas banda a menm. Pri gaz ki pa janm disponib lan ki double a gen konsekans tèt chaje sou ekonomi peyi a.
Pandan rate gaz la ap pèsiste, dola ameriken an ap lage sanmilalè. Malere pa fouti manyen 1 grenn dola. Aux référents BRH la prèske atenn 150 goud pou yon dola meriken. Nan lari a se prèske 160 dollars. Nan yon pwodui kip a pwodui prèske anyen, ak ki mwayen senp sitwayen ap rive konsome kichòy nan sitiyasyon sa pou 2023 a ?
N ap raple, gouvènè banks antral la, Jean Baden Dubois toujou pa di ki kote 150 milyon dola li te pwomèt l ap enjekte sou mache a pou pèmèt goud la rale yon ti souf avan mouvman « Bwa Kale a » pase. Je nan je, leta ap gade pèp la k ap soufri. Pyès moun pa dwe pèsonn esplikasyon.
Edikasyon an reta
Nan koze edikasyon, lekòl la fòse louvri fen new pase a. Men se toujou you ti group privilejye ki rive gen aksè ak moso pen ledikasyon. Gran majorite sitou sila ki nan zòn kote ensekirite ak nan kouch défavoriser a poko ka gen aksè ak reouvèti fòse ki fèt nan ta.
N ap remake tou, jiskaprezan liv inik minis Nesmy Manigat t ap pwone pou 2 premye klas fondamantal yo nan lide pou mete estanda epi amelyore aprantisaj nan premye lane edkiasyon timoun yo toujou poko ka fini rive nan tout depatman peyi a.
Legliz sexyèl, Armel ap fè koze
Men se pa sa ki domine aktyalite edikatif la nan sosyete a. Se Pastè Armel Lafleur k ap fè koze. Aussi, Armel a-t-il aimé qu’il l’ait fait, il a pran lari, il a décidé de se rendre à lui, il a été nommé gouverneur et ministre kilt convoqué en réponse à sa religion.
Armel papa a rencontré pye. Li pran laprès ak tout pitit fi l. Jistifikasyon : tout sa yo n ap gade la a se edikasyon seksyèl. Tape dèyè, ou gen bèl bouboun, mwen renmen manyen l, pozisyon kwaze, ti bo sou bouch, pitit fi di li pa deranje, li abitye ak papa a, se fòmasyon an preparasyon pou lemaryaj l ap pran.
Legliz la kontinye an degraba nan sosyete tèt anba kote tout moun kite l mache, yo se sitwayen selès.
Men fwa sa a, sanksyon an tonbe, Armel pa pasta ankò pou 5 lane k ap vini la epi li bani nan tout aktivite Ministryyèl ak pastoral. Si le ministère de Kilt est de côté, il est responsable du boude envitasyon yo ministè a te voye pouli pandan l mande voye pou 15 jou ankò envitasyon chef pakè Pòtoprens lan.
Ensekirite nonnstop
Se ak menm dosye «kidnapping», afwontman ant group nèg a zam ak lapolis peyi a tanmen nouvo ane a. Plizyè viktim deja tonbe anba men ravisè pami yo ansyen Malgré Smith Mathrin vous a bandi yo reklame 500 mil dola vèt ak 5 milyon goud pou yo libere l.
Zòn de non dwa yo, abitan yo toujou poko ka rejwenn dwa yo. Lapolis toujou enkapab pou l retounen sitiyasyon sekirite ak nòmalite l. Se met kò ki veye kò. Pa gen lavi noktin, depi l fè labrenndiswa, tout moun se rantre lakay epi veye solèy pou pran lari. Pèsonn pa épanye.
Pou fini, rezidan lopital jeneral et grev. Lopital prive tèt nèg, Mas pèp la pa gen sante. Ti grip, ti fyèv, epidemi, ou ta di ministè Sante pa t egziste. Minis malad la pa ka kanpe. Nan lwazi, chanpyona foutbòl nasyonal la kanpe akoz ensekirite, pa gen bal ak pwogram men atis ap pèfòme pou bandi, genyen ki se menm madan bandi.
2023, OU GÈLÈ MAL PATI ?